Ak L.A.S,Zafèm fè Zafè l…

Ak L.A.S,Zafèm fè Zafè l…

« Di m kisa ki bon ki pa janm pran tan », yon pawòl Dener Céide ekri epi chante nan lane 2017 nan mizik li ki batize « Sele Bride ». Pawòl sa tounen kareman mak fabrik otè-konpozitè a tèlman li repete l epi afiche yon atitid ki kadre ak li. Pi bèl egzanp lan se premye albòm djaz li Zafèm, li fonde ak kavalye pòlka li Réginald Cangé nan lane 2019, ki rive soti premye albòm li apre 4 lane tout moun pase ap tann.

Pòtoprens,10 me 2023.-

Si pandan peryòd sa gwoup la te rive ofri piblik la yon pèfòmans sou entènèt (5 jiyè 2020) ak 2 bèl mizik : Savalou ak Aladeka ki soti youn apre lòt nan mwa oktòb 2019 ak desanm 2020, piblik la pa t janm sispann egzije atis yo yon albòm ak pèfòmans nan klèb. Malgre ensistans moun yo pou gwoup la te soti pwojè li epi kòmanse jwe pou satisfaksyon yo, se te san konte sou yon Dener ak Réginald ki pa janm nan mache prese ak pèsonn lè yap travay sou yon pwojè sitou si yo konnen yo pa nesesèman ap fè menm wout ak moun yo (pawòl nou jwenn toujou nan mizik « Sele Bride » a).

Finalman, 25 avril pase a djaz la anonse ak yon postè albòm li k pral soti ki pote non LAS. Kèk tan apre piblik la pral konfime soti albòm nan sou tout platfòm yo pou 5 me ak tout lis mizik k ap disponib sou li. Se konsa tou yo ta pral dekouvri LAS la se yon akwonim ki defini Lalin ak Solèy ki se dayè tit moso ki louvri albòm nan. Se tout yon senbòl.  

Albòm LAS la dire inèdtan 27 minit ak kèk segonn. Li gen sou li 16 mizik ak yon seri tit orijnal ki nan divès lang tankou kreyòl, fransè, anglè, ak espanyòl. Nou ka site moso tankou Lalin ak solèy – le Plein – Abracadabra – Acércate – Dyaman nan bidonvil – Dlo Dous – Enèji nou sanble – Bradsou bradsa – Ati sole…

Lang kreyòl la se fondal natal albòm Zafèm nan. Pi fò mizik yo chante an kreyòl sof mizik nimewo 4 la (Acércate) kote pi fò tèks la an espanyòl ak 13 la (Coming soon) ki plis an anglè. Nou chwazi kite volontèman mizik nimewo 11 lan (Nikita) ki li menm se yon adaptasyon yon mizik an anglè atis britanik Elton John te konpoze. Nan tout ka sa yo gen ajou an kreyòl ki fèt sou mizik yo.

Kreyòl ki chante sou albòm sa se yon kreyòl ki soti nan nannan kilti a ak yon seri ekspresyon ou jwenn nan lakou nou yo ak nan youn nan lyen ki soude ayisyen kòm pèp ki se vodou. Itilizasyon ekspresyon kou wè lwa, badji, sole, konbit, zo devan, zonbi, danmijann, douvanjou, elatriye montre nan ki nivo Dener Céide rantre fon nan nannan lang nan kòm pawolye.

Malgre limit nou nan sa ki gen pou wè ak aspè teknik nan zafè mizik, nou ka wè klè kou dlo kòk LAS la se yon pwojè konpa dirèk. Nan plizyè pyès gen yon melanj ki fèt ak kèk lòt jan ak ritm mizikal pou ofri piblik la yon zèv atistik wòtpòte. Pwodiktè a deside fè yon je dou bay kèk jan mizikal ak ritm fòlklorik nan zòn karayib la ak nan anti yo.

Gen yon sèl grenn mizik sou albòm nan ou pa ka ranje nan kategori konpa dirèk. Pyès sa ki batize « Ati sole » konsakre totalman a ritm fòlklorik ayisyen, karayibeyen ak afriken. Se yon maryaj enteresan ki akouche yon moso mizik fenomenal.

Poutan sou « Zanmi fanm » nan ki se yon omaj Zafèm deside rann mizisyen Pierre Denon Morin ak gwoup li Méridional des Cayes lè li deside repran mizik sa, gwoup la ofri melomàn yo yon melanj konpa dirèk ak rabòday ki byen chita pou plezi zorèy yo.

Sepandan, tèks mizik sa (ki pa pou Zafèm) pwovoke anpil deba nan sosyete a espesyalman sou entènèt la pou karaktè mizojin (degradan oubyen rayiman pou fanm) li charye.

Fòk nou presize tou kalte travay seksyon kuiv la, sa nou ka rele liy van an reyalize sou albòm sa. Ou santi yon volonte klè bò kote kreyatè yo pou saksofòn, twonpèt ak twonbòn nan sitou trè prezan nan pwojè sa.

Albòm LAS Zafèm nan se kareman yon rekèy powèm tèlman gen pwezi sou li. Soti nan Lalin ak Solèy, pase nan Le Plein, Dlo dous, jouk rive nan Enèji nou sanble, pwezi fè mikalaw. An pwoz oubyen an vè – rim plat, kwaze osnon anbrase, pawolye a fè chwa mo ak ekspresyon ki rive tradwi pi byen panse l san deranje pèsonn epi bay zèv li a yon gwo dimansyon atistik epi garanti li yon sèten orijinalite pou n pa di yon orijinalite sèten.

Les fondateurs du groupe Zafèm,Réginald Cangé et Déner Céïde

Sènen tèks Dener yo mande pou konpreyasyon w ale pi lwen ke sa w ap tande nan mizik li yo. Se modèl pawolye ki toujou kode tèks li yon mannyè pou l fè mesaj li pase anba anba. Pil figi estil li itilize nan tèks mizik li yo souvan mete animatè, analis mizikal ak senp konsomatè yo nan gwo difikilte pou rive dekòtike yo.

Dener Céide tanmen sitou ak pratik sa a nan Aladeka, yon mizik ki te bay posiblite pou mete plizyè eksplikasyon sou li menm si sou aparans li ta sanble yon mizik k ap dekri yon rapò lanmou ant yon gason ak yon fanm. Kòm mizik la rete san videyo epi san okenn eksplikasyon bò kote moun ki konpoze l la, vèsyon tout moun vin parèt gen sans. Dayè, se sa otè a te swete depi lè l te di tout moun anndan mizik la menm « rete avèk sa w kwè a ».

Sitiyasyon Ayiti a, reyalite timoun k ap viv nan zòn defavorize yo, pwomosyon listwa, richès ak valè kiltirèl ayisyen yo, lanmou, sèks, kesyon egalite ant fanm ak gason se kèk pami tèm ak sijè ki trete nan albòm Zafèm nan. Menm si lanmou rete sijè prensipal la ak pratikman 8 mizik ki ale nan sans sa.

Si pou anpil moun albòm LAS la gen yon gwo dimansyon filozofik nan apwòch yo ak chwa ang tretman tèks yo, pou anpil lòt se tou yon zèv ki makònnen ak yon gwo nivo espirityalite. Yo chita pa egzanp sou rapò sere sere otè a devlope ak divès eleman nan lanati nan plizyè mizik. Lalin, solèy, zetwal, syèl, latè, montay, vale, rivyè se kèk nan eleman lanati ki anviwonnen zèv atis la. Chwa grafik, abiman ak postè gwoup la ale nan sans sa tou.

Dayè, depi nan kreyasyon l, Zafèm te toujou montre aklè li se yon pwojè ki kwè nan senbolis ak nan lespri. Pa egzanp, 2 premye mizik djaz la soti yon 17 oktòb ak yon 5 desanm ki se 2 dat ki charye listwa pou chak ayisyen. Nou ka sonje tou video an dirèk 2 mizisyen yo te fè tou nan mitan yon rivyè anvan prestasyon yo sou entènèt la nan mwa jiyè 2020. Chwa sa yo tradui nan ki nivo espirityalite enpòtan pou Zafèm.

LAS konfime kalte otè, konpozitè, mizisyen, enstrimantis, pwodiktè men sitou chantè Dener Céide ye a. Albòm nan konfime tou nan ki pwen chantè Pè Las ye a pran matirite.

Sou 16 mizik yo, Dener se otè-konpozitè 14 nan yo sof mizik nimewo 11 la ki titre Nikita ki se yon mizik konpozitè britanik la Elton John gwoup la adapte ak mizik nimewo 16 la ki se yon repriz mizik Méridional des Cayes la, Zanmi Fanm.

Mayestwo a jwe youn oubyen plizyè enstriman sou prèske tout konpozisyon yo. Yon mizik tankou Le plein, se yon zèv ki pote mak fabrik li. Apre pawòl yo ak aranjman ki gen anprent li, se li ki jwe tout enstriman sou mizik la. Réginald Cangé sèlman depoze vokal.

Se pa san san rezon nou di albòm sa konfime Dener Céide se yon bon chantè paske atis la chante pou kont li 7 mizik sou pwojè a alòske kavalye pòlka li Réginald Cangé chante 5 epi yo chante 4 mizik ansanm. 

Nan sa ki gen pou wè ak kredi sou albòm nan, gen plizyè atis, mizisyen ak pwodiktè ki bay bourad sou li. Pami yo nou ka site : Melly Sings, Esther Fortuné, Alex Cabit, Shedly Abraham, Camille Armand, Mozart Louis, Ernst Vincent, Sexy Beef, Jimmy Jean Félix, Milot Eliassaint, Harold Saint-Louis, Macarios Césaire, Nickenson Prud’homme, Rémy Michel, Jonas Imbert, Wesner Saint-Louis,  Igort Rivas, Ismael Vergara, Jorge Dobal, Cedric Louis, Alan Lewis ak Jean Raymond Leconte.

Albòm LAS la jwenn anpil apresyasyon bò kote piblik la depi premye moman li soti a. Anpil atis ak pèsonalite eksprime admirasyon yo pou kalte travay mesye yo delivre sou pwojè sa. Mesaj lanmou, respè ak rekonesans fè kenken pou Dener ak Réginald pou zèvda sa. Pou anpil obsèvatè, se youn nan ra fwa yon djaz pwovoke tout angouman sa nan milye mizikal ayisyen an ak yon zèv li ki soti.

Boutofen, pandan mizik tankou Le plein, Dlo dous, Enèji nou sanble, Lalin ak Solèy, Acércate, Dyaman nan bidonvil ap fè chimen yo, Zafèm bay piblik la randevou samdi 8 jiyè k ap vini la nan Melrose Ballroom nan New York pou premye veritab prestasyon yo devan piblik la. Pou bonè kilti a, bonè mizik la, nou espere prestasyon sa a ap nan dimansyon albòm nan ki deja klase pami tòp 10 e menm rive nan premye pozisyon sou anpil platfòm kote moun achte mizik toupatou nan mond lan. Si se vre atant yo anpil pou prestasyon sa ak lòt k ap vini yo, gen moun ki deja kwè djaz la p ap fè yo wont. Pou yo repons lan senp, se Zafèm kanmèm ! 

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Social Media Auto Publish Powered By : XYZScripts.com