Valè w ak My Pain Killer, 2 tèks powetik ki gen nannan
Richie kòmanse 2 nan mizik sou albòm nan (My Pain Killer) ak yon fòmil metaforik pou l konstwi narasyon vèbal konpozisyon an. S’on pretèks presyozite pou l kreye sans ak listwa li vle rakonte a. Yon fondman powetik ak moral.
Kidonk, se lè l antre nan devlopman panse tèks la nou pral wè poukisa l te tanmen figi konparezon sa a ki sèvi l fòs eksplikatif ak estilistik. Se pa san rezon Roman Jakobson di « pwezi se estetik nan pale. »
Premye a nou twouve l nan konpozisyon Valè w.
« Ti boutèy dlo vann yon dola nan lari a
M antre n on ba menm di boutèy la 5 dola »
Tou sa pou l di li jwenn fanm li merite a: li twouve lanmou.
Dezyèm nan nou twouve l nan konpozisyon My pain killer.
« Yo te konn di m vakabon pou soulye m t ap mezire
Osito m jwenn youn ki bon mwen tou sispann chache »
Tou sa ankò pou di l jwenn fanm li te merite a: li twouve lanmou
Se 2 tèks ki anndan menm swit lojik santimantal. Moun ki nan relasyon yo jwenn sa yo t ap bouske depi lontan an. Depi w nan yon relasyon ou pa gen valè se nòmal pou w kontinye ap chache jis pou w jwenn Pain killer (kalman) ou.
Alòs rakonte se youn, konn kijan w ap kòmanse rakontay la, se 2. Ekriti se te toujou detou langajye pandan w ap soti nan lang odinè a pou w kreye langaj ekstrawòdinè k ap senbolize anpi mime reyèl ou vle reprezante a.
Lè sa rive, yo di s on imajinasyon ki fètil!
Orso Antonio Dorélus
