Le lambi cheri

Gen anpil kote nan peyi Dayiti depi w site non yo, preske tout moun gen tan rive la nan lespri yo. Le Lambi se youn ladan yo.

Mariani l ye wi…tou pre Kafou, komin Gresye.

“Nap desann Le Lambi” se sa moun Kafou toujou di lè yo pral swa nan bal, swa nan lanmè (plaj), swa lòt kote nan zòn Mariani. Tout moun nan Sid ki konn vwayaje al Pòtoprens konnen Le Lambi. Se yon eskal oblije.

Machin kanpe la ak pasaje pou yo achte bagay pou manje. Pami yo, gen pwason fri, lanbi boukannen, griyo, taso ak bannann peze ak bon pikliz…. Pou bwason menm, gen koka, kola, towo, ragaman, byè, gwòg, rònm babankou, rònm bakara, jouk li jou ak tout lòt bwason nou konnen’m konnen yo…

Lari pase tou pre lanmè, Sot nan lanmè, tonbe nan lari. Sou plaj, plezi blayi, bann twoubadou jwe toupatou. Moun a talan met moun sou ran. Kay “gwo manman”, yon kote ki gen pou wè ak banbòch vis fanm ak gason.

Nou tout konnen, nou tout tande. Gen sa k ale pou al gade, gen lòt k ale pou al frape. Se listwa Mariani, Le Lambi cheri.

M anvi tounen Le Lambi, m anvi al Mariani. M anvi al pran plezi nan peyi Dayiti. Menmsi nou pati, yon jou fò n vini.

Lakay bon bagay tounen briganday. Ala tray pou remete deblozay sou ray! Gade jan nap pèdi lakay…Ayayay nap batay. Legen, nou pap bay. Deyò nap travay, souvan nou bat nay, waw! Nou sonje lakay.

Mariani otèl, mariani makrèl, Mariani lanmè, Mariani fèzè…

Kè nou pat konn kase, lè nou te konn fete. Le Lambi nap pyafe.

O Le Lambi! Ala de lavi! Peyi nou fini, nan kè n nap soufri ak twòp nostalji.

Edwin Désormeau

Norwich, Connecticut

USA

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Social Media Auto Publish Powered By : XYZScripts.com