Matisan’m te konnen an !

A travers cette initiative, Télégramme 360 se propose de vous aider à vous remémorer des souvenirs d’Haïti, vous replonger dans les trésors du passé et mettre en valeur votre Haïti à vous….

Les lecteurs et lectrices sont les principaux auteurs et autrices de cette rubrique à travers la publication de leurs tranches d’histoires personnelles, témoignages, anecdotes et autres qui nous ramènent des années en arrière…

Qu’il s’agisse de récits, de photographies de lieux, de vielles cartes postales, d’évènements banals ou extraordinaires, de faits d’importance historique ou de simples images de la vie quotidienne, prenez donc plaisir à revivre des émotions intenses en les partageant…

Email: telegramme360@gmail.com


Mwen te rete Matisan. Matisan 23, nan ane 1978-79 ak papa’m epi 2 frèm.

Nan zòn lakay mwen, se la-w jwen’n Abitasyon ‘’Leclerc’’. Se te yon bèl zòn. Yon zòn pezib, pwòp.

Pat gen anpil anpil moun ki ret la. Mwen te lekòl Salezyen, zòn Lasalin. Te gen kanti-n. Prèske chak aprèmidi m’al etidye devan sant dacha Matisan an, yon makèt ki gen anba lakay. Lè konsa mwen toujou rankontre anpil touris, yo vin nan makèt, vin pran plezi tou, te gen anpil night-club.

Lè se wikenn oubyen jou konje, papa’m te konn mennen nou al pwomennen nan zòn pak la, anwo Matisan 23 kote kite gen anpil pye bwa.

Nou kon’n al bisantnè tou apye, men machin pat chè: kamyonèt 40-50 santim. Nou pase bò mayogani yo, otèl, restoran ak biwo leta, tankou Ministè Edikasyon nasyonal, Meri Pòtoprens, Lapòs, elatriye.

Papa’m te konn kite nou al sinema nan sine senegal ki te tou pre legliz sent Bènadèt, Olympia ki te bò Pòtay Leyogàn, ak Lido ki te pi devan Olympia sou Granri.

Lè konsa, se yon ekip ti jèn gason nan katye a ki al ansanm. Se te sitou fim karate ak kòbòy nou te konn al gade. Nou te konn pran plizyè seyans pou yon ti kras kòb, 1 goud, 1goud 50, 2 goud. 

Aprè fim yo toujou gen diskisyon sou tèl ou tèl aktè, epi mwen menm ak lòt ti jèn yo konn pran pòz karateka nou. Nou kon’n mande paran nou kòb pou’n achte ti tyayniz chinwa yo. Nou konn rantre lakay vè 8tè-9vè, si nou te ale vè 3zè-4trè.

Te gen tonton makout, men pat gen ensekirite. Tout nan nwit moun te nan aktivite yo.
Se konsa sa te ye nan moman an. Moun pat gen kè kase pou ale vini, monte desann nan tout ti blòk nan Matisan lèm tap grandi. Ayiti oooo !

Carrefour, Haiti

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Social Media Auto Publish Powered By : XYZScripts.com