Nwèl pam nan peyi Dayiti…

A travers cette initiative, Télégramme 360 se propose de vous aider à vous remémorer des souvenirs d’Haïti, vous replonger dans les trésors du passé et mettre en valeur votre Haïti à vous….

Les lecteurs et lectrices sont les principaux auteurs et autrices de cette rubrique à travers la publication de leurs tranches d’histoires personnelles, témoignages, anecdotes et autres qui nous ramènent des années en arrière…

Qu’il s’agisse de récits, de photographies de lieux, de vielles cartes postales, d’évènements banals ou extraordinaires, de faits d’importance historique ou de simples images de la vie quotidienne, prenez donc plaisir à revivre des émotions intenses en les partageant…

Email: telegramme360@gmail.com


Mwen fout anvi bwè krèm Tikawòl, krèm Eskimo, mwen fout anvi manje wowoli, Tito, Maritimas, Red Rose, Malou, Pam Pi Bon, “les bonbons Léger”, boule St-Lot, mwen fout di nou m’anvi bwè yon Jbrandt byen glase , oubyen yon foskawo, nou pa tande’m… mwen di mwen vle ale nan boulangerie Saint-Marc sou gran ri, oubyen Bazar La Poste, Au Beurre Chaud. Ban’n lanm…d, pase’m yon « menthe Alta » pou’m souse pou grip la.

Se ak  nou m’ap palé wi, m’anvi bwè yon -Maiz Laina-, mwen bezwen yon kès kola Borday oubyen Limette. Pou Nwèl la, m’anvi pete klorat, voyé pidetwal anlè , limen fanal , mwen vle al lage 5 kòb nan bokal dlo, gadon istwa (ka…) mesye.

Mwen fout di nèg yo m’anvi ale « Chez Tony » nan ri Pave. Mwen anvi wè bèl fanm, mwen pral kanpe devan “first school’’, oubyen devan « institut français » sou bisantnè, nan volley ball Collège St Pierre, mwen vle al kay Tijòj, bann (k….) santi mwen vle ale « Chez Magguy », Plas Sainte Anne, mwen sonje pate kòde CIA nan ri Clerie Matisan 15. Sè Mata mwen sonjew ,banm yon bannann ak  fwa di ak  kreson tanpri . Kote ‘’Le Lambi’’ ?

Bann vouzan mesye, sa nou fè ak pizza garden fontamara ? Ak 37 goud mwen te ka manje yon ‘’large pizza’’. Mesye dam, dim sa nou fè avek Topolino? kisa nou fè ak ‘’ciné Triomphe, Rex Théâtre, ciné Capitol’’?

Nan Petyonvil te gen ‘’Étoile ciné, Concorde ciné, ciné Cabanon’’, koté yo? kisa nou fè ak Ultramode sou wout  Lali, Microsillon, La boîte à musique?

Apa nou paka dim kisa nou fè ak Chez Cator, Maison Batta, Tiphany, Hotel Beau Rivage, Chez Yvanne, chauffeur guide, Cubano Restaurant, Amistoso, Cèdres du Liban, La Coupole, Petit four, fòk nou di sa nou fè ak yo?  

kisa nou fè ak ‘’Le Relais du Champ de Mars, Café Napoli, bon dim kisa nou fè ak El caribeño, Cabane Choucoune kisa nou fè ak limyè siyalizasyon routyè yo, telefòn piblik nan lari yo, bis Conatra yo…

Kisa nou fè ak Choochoo Train, Roller Skate sou wout ayopò a, Hippopotamus ?

Ban’n  salòp,  kisa nou fè ak bèl fèt salon yo , kisa nou fout fè ak  Prince night-club, club Happenings , restaurant Le Récif ?

Mwen vlé ale ‘’ciné Imperial, osinon Magic ciné. Sim abite Matisan, mpa vle desan’n lavil mwen vle nou ban’m Cric Crac ciné, le Colisée, ciné Sénégal, Olympia’’.

Mwen vle bouje ban’n avadra kote ‘’Café des arts, L’auberge du Québec, Ding- A-Ling ? Ok kite’m rive sant Dadadou oubyen Drive-in ciné, Deluxe Auto ciné, Ciné Parc, Rancho ciné, ban’n palave,  dim sa nou fè ak Kentucky Fried Chicken, Maison des cadeaux, Trackmaster, Curaçao trading, Madame et Mademoiselle, c’est du français, la farandolle, Maison Rousseau, mwen fout anvi monte yon bis kafou (bonjour, estera, à la canadienne) pou’m al tande bon Kool and the gang, bon Air Supply ak Chicago, bon Phill Collins.

Mwen ta mete’m sou radio Métropole pou m’ap tande TITO show epi sou radio Port-au-Prince pou m’ap tande Master J , bann salòp sé ak nou m’ap pale wi, kisa nou fout fè ak peyi’m nan? << Qu’avez-vous fait de mon pays ?

Mwen te toujou di nou Pòtoprens pat gwo, tout moun te kon’n tout moun. Si yon moun pat kon’n al nan jounen rekreyativ nan Gymnasium, nan Volley Ball nan Sen Pyè , Mè Sakrekè, Maryann, al tande Mizik ki fèk soti devan Microsillon, al achte kasèt nan Microsillon anfas bwat a Mizik ou pa konn anyen nan Pòtoprens.

Mwen pa menm pale de ‘’Club War Kenskoff, Roller Skate Kenskoff, boutillier, Obleon,  Florville, Infini, club Lucias anfas Tara’s, club Gaïa nan otèl Montana, la Roulotte sou wout  frè, club Bohémia Petyonvil, Fun House- Académie Perfection nan Petyonvil, abitasyon Leklè nan  Matisan elatriye…

<< Qu’avez-vous fait de mon pays ? >> 

Boston, Massachusetts

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Social Media Auto Publish Powered By : XYZScripts.com